LEKOL LABIB CBNDF : MEDI Moun peyi Medi yo se desandan Madayi yo, pitit gason Jafèt, e yo te vin abite nan mòn ki nan peyi Iran yo, zòn ki te vin rele peyi Medi. Moun peyi Medi yo te met ansanm ak moun Babilòn yo pou yo te pot laviktwa sou peyi Asiri. Nan moman sa a, peyi Pès te yon pwovens ki te anba kontwòl peyi Medi. Men, Siris te vin revòlte e peyi Medi te vin fè yon sèl ak peyi Pès, se konsa yo te vin tounen Anpi Medi ak Pès ki te pot laviktwa sou Babilòn nan ane 539 anv. e. n. Te gen moun peyi Medi ki te nan Jerizalèm pandan Pannkòt ane 33 e. n. (Danyel 5:28, 31; Travay Apot yo:9).
Kòn--- Li fè referans ak kòn bèt yo te konn itilize pou bwè, pou met luil, pou met lank ak pwodui bote, e yo te konn sèvi avè l kòm enstriman mizik ak enstriman pou bay siyal (1Samyel 16:1, 13; 1Wa 1:39). Byen souvan, yo itilize “kòn” nan yon sans senbolik e li gen sans fòs, viktwa ak pran yo pran yon peyi. — Detewonom 33:17; Miche 4:13; Zakari 1:19.

Comments

Popular posts from this blog

QU'EST-CE QUE LA BIBLE ?

LES DOUZE APOTRES DE JESUS