LEKOL LABIB CBNDF
JOUK ---
Se yon bout bwa moun te konn pote sou zepòl yo ki te konn gen chay nan chak pwent yo oswa yon bout bwa oubyen yon kad an bwa yo te konn met sou kou 2 bèt (an jeneral bèf) k ap rale yon enstriman yo travay tè oswa yon chari. Etandone esklav yo te sèvi ak jouk byen souvan pou yo pote bagay ki lou anpil, yo te vin sèvi ak mo jouk la yon fason senbolik pou yo pale de esklavaj oswa pou yon moun ki koube devan yon lòt moun, epi pou yo pale de pwoblèm ak soufrans. Retire oswa kraze jouk vle di libere anba esklavaj, anba pwoblèm oswa anba yon moun k ap eksplwate moun. — Levitik 26:13; Matye 11:29, 30.
JEYEN ( Gehenne).---
Nan lang grèk, se non Vale pitit gason Inon an ki te nan sidwès ansyen vil Jerizalèm nan (Jeremi 7:31). Selon yon pwofesi, yo te konn pale de zòn sa a kòm yon kote yo jete kadav (Jeremi 7:32; 19:6). Yo te kon lage bèt oswa moun nan Jeyèn nan pou yo boule yo tou vivan oswa pou yo toumante yo. Jezi ak disip li yo te sèvi ak mo Jeyèn nan kòm yon senbòl pou pale de “dezyèm lanmò a”, sa vle di destriksyon oswa eliminasyon total. — Apokalips 20:14; Matye 5:22; 10:28.
ZANJ YO
Bondye te fè zanj yo chak apa, li pa t fè yo ak kapasite pou yo fè pitit. Gen plis pase san milyon zanj (Danyel 7:10). Bib la fè konnen chak zanj yo gen yon non e yo chak gen pèsonalite pa yo. Sepandan, zanj yo enb, yo pa vle pou moun adore yo e pifò nan yo pa menm vle fè konn non yo (Jenez 32:29; Luk 1:26; Apokalips 22:8,
ZANJ YO
Zanj yo pa gen menm pozisyon e yo chak gen travay pa yo. Genyen k ap sèvi devan twòn Bondye a a, genyen k ap transmèt mesaj li yo, gen lòt k ap ede sèvitè Bondye yo sou tè a, genyen k ap egzekite jijman Bondye yo e gen lòt k ap kore travay predikasyon bon nouvèl la (2Wa 19:35; Samyel 34:7; Luk 1:30, 31; Apokalips 5:11; 14:6).
QU'EST-CE QUE LA BIBLE ?
LA BIBLE EST UNE COLLECTION DE 73 LIVRES.UNE VERITABLE BIBLIOTHEQUE !. CES LIVRES ONT ETE ECRITS PENDANT 15 SIECLES, SOIT 1500 ANS, PAR PLUSIEURS AUTEURS SOUS L'INSPIRATION DE L'ESPRIT-SAINT. ORIGINE DU MOT "BIBLE" LA BIBLE VIENT D'UN MOT GREC "TA BIBLIA" QUI SIGNIFIE "LES LIVRES" AUTRES NOMS DE LA BIBLE LE LIVRE PAR EXCELLENCE. LES ECRITURES. LES SAINTES ECRITURES. LE LIVRE SAINT. LE LIVRE SACRE. DIVISION DES ECRITS BIBLIQUES EN CHAPITRES C'EST MGR ETIENNE LANGTON, ARCHEVEQUE DE CANTORBERY EN ANGLETERRE QUI A DIVISE LA BIBLE EN CHAPITRES A PARTIR DU 13eme SIECLE. MGR ETIENNE LANGTON MEURT EN 1228. DIVISION DES ECRITS BIBLIQUES EN VERSETS C'EST ROBERT ESTIENNE, IMPRIMEUR FRANCAIS QUI A DIVISE LA BIBLE EN VERSETS A PARTIR DU 16eme SIECLE PLUS PRECISEMENT VERS L'ANNEE 1551.





Comments
Post a Comment