Posts

Image
L’Histoire Miraculeuse de Notre-Dame de Guadalupe :---- Selon la tradition, le 9 décembre 1531, sur la colline de Tepeyac, un peu au nord de Mexico, une jeune dame « éblouissante de lumière » apparaît à un indigène Juan Diego Cuauhtlatoatzin. Notre-Dame de Guadalupe se révèle à lui comme la Vierge Marie et le charge de demander à l'évêque de faire construire une église sur le lieu même de l'apparition. Le prélat, d'abord incrédule, demande au témoin d'obtenir de la Vierge Marie un signe. Celle-ci ne tarde pas à le lui accorder. Le 12 décembre 1531, se montrant pour la quatrième et dernière fois à Juan Diego, Marie l'envoie cueillir des roses au sommet de la colline. Et voilà l'homme redescendant tout ébahi, sa tilma - manteau - remplie des plus belles roses qu'il ait jamais vues en pleine saison sèche. Sous l'injonction de la Vierge Marie, il retourne alors chez l'évêque, et ouvre son manteau devant les personnes réunies autour du prélat qui dé...
Image
LEKOL LABIB CBNDF : PAPIRIS.---- Papiris se yon plant ki tankou wozo ki pouse nan dlo yo te konn itilize pou fè kèk bagay tankou pànye, resipyan ak bato. Yo te konn sèvi avè l tou pou fè yon materyèl pou ekri ki sanble ak papye, e yo te itilize l pou yo fè anpil woulo. — Izayi 18:2. PATIZAN WA EWOD YO ( HERODIENS).--- Yo rele yo Ewodyen tou. Se te yon gwoup moun nasyonalis ki t ap soutni objektif Wa Ewòd yo e ki t ap dirije anba direksyon Women yo. Petèt, gen kèk nan Sadiseyen yo ki te nan gwoup sa a. Ewodyen yo te met ansanm ak Farizyen yo pou yo opoze ak Jezi. — Mak 3:6. LEVYATAN --- An jeneral, yo pale de bèt sa a anrapò ak dlo, e sanble se yon bèt ki viv nan dlo. Sanble Levyatan y ap pale nan Jòb 3:8 ak Jòb 41:1 an se kayiman oswa yon lòt gwo bèt ki gen anpil fòs ki viv nan dlo. Nan Sòm 104:26 la, sanble se yon kalite balèn. Gen lòt kote yo sèvi avè l nan yon sans senbolik e li pa fè referans ak okenn bèt. — Samyel 74:14; Izayi 27:1
Image
LEKOL LABIB CBNDF : MEDI Moun peyi Medi yo se desandan Madayi yo, pitit gason Jafèt, e yo te vin abite nan mòn ki nan peyi Iran yo, zòn ki te vin rele peyi Medi. Moun peyi Medi yo te met ansanm ak moun Babilòn yo pou yo te pot laviktwa sou peyi Asiri. Nan moman sa a, peyi Pès te yon pwovens ki te anba kontwòl peyi Medi. Men, Siris te vin revòlte e peyi Medi te vin fè yon sèl ak peyi Pès, se konsa yo te vin tounen Anpi Medi ak Pès ki te pot laviktwa sou Babilòn nan ane 539 anv. e. n. Te gen moun peyi Medi ki te nan Jerizalèm pandan Pannkòt ane 33 e. n. (Danyel 5:28, 31; Travay Apot yo:9). Kòn--- Li fè referans ak kòn bèt yo te konn itilize pou bwè, pou met luil, pou met lank ak pwodui bote, e yo te konn sèvi avè l kòm enstriman mizik ak enstriman pou bay siyal (1Samyel 16:1, 13; 1Wa 1:39). Byen souvan, yo itilize “kòn” nan yon sans senbolik e li gen sans fòs, viktwa ak pran yo pran yon peyi. — Detewonom 33:17; Miche 4:13; Zakari 1:19.
Image
ZANJ ----- Zanj se yon mo ki soti nan mo ebre malak ak mo grèk agelòs. 2 mo sa yo vle di: “mesaje” oswa: “moun yo voye”. Men, yo mete “zanj” pou yo lè y ap fè referans ak kreyati espirityèl Bondye voye kòm mesaje (Jenez 16:7; 32:3; Jk 2:25; Apokalips 22:8). Zanj yo se yon seri kreyati espirityèl ki gen anpil pouvwa Bondye te kreye byen lontan anvan li te kreye lèzòm. Nan Bib la, yo pale de yo tou kòm ‘plizyè dizèn milye zanj ki sen’ oswa “pitit vrè Dye a” oswa “zetwal ki klere maten yo”. (Detewonom 33:2; Job 1:6; 38:7.) DENYE ----- Se yon pyès monnen ann ajan women yo te konn itilize ki te peze anviwon 3,85 g e ki te gen yon imaj Seza sou youn nan fas li yo. Se kòb yo te peye yon travayè pou yon jounen travay e se te “enpo Seza egzije pou chak” Juif pou yo peye (Matye 22:17; Luk 20:24). DENYE JOU ----- Nan pwofesi ki nan Bib la, ekspresyon sa a gen rapò ak epòk kote gwo evènman Bib la te anonse yo rive nan dènye bout yo (Ezekyel 38:16; Daniel 10:14; Travay Apot yo 17). Bib la iti...
Image
CBNDF TV NETWORK PRODUCTION :--- 1) Yon Kanal an KRÉYÒL selman https://fluger.tv/page/PAULA/efe374d7-a448-44c5-7c4e-08dde994df39 --- 2) Yon Kanal an FRANSÈ selman https://fluger.tv/page/PAULA/4b704903-eda1-4189-7c4f-08dde994df39 --- 3) Yon Kanal an ANGLÈ selman https://fluger.tv/page/PAULA/32169b26-a4f5-42b3-7c50-08dde994df39 --- 4) 100 Kanal an KRÉYÒL, FRANSÈ, ANGLÈ - Émisyon lajounen kon lanwit san rété 24/7 --- . KONTENU : --- Etud biblik, mizik legliz, lafwa katolik, ansèyman relijye, lavi Sen yo, film biblik, lapriyè, edukasyon, divètisman, Jezu-Kri, Lavyèj Mari, Legliz katolik, kesyon/répons, dokimantè, Ayiti, Sakreman ak sakramanto yo, syèl, pugatwa, lanfè, kredo, fénomèn mistik, Vatican, audio bib, peyi labib yo, Liv labib yo, fan...
Image
FLASH ! NOUVOTE ! NEW ! NOUVO !--- RADIO JUBILE CBNDF !!!--- https://radiocbndf3377.airtime.pro/--- "RADIO JUBILE CBNDF" SE YON ESTASYON RADIO KATOLIK PE JULES CAMPION METE SOU PYE NAN OKAZYON 25 LANE EGZISTANS CBNDF : 2001-1026. "RADIO JUBILE CBNDF" GEN EMISYON AN KREYOL, FRANSE, ANGLE. LI TRAVAY LAJOUNEN KON LANWIT SAN RETE 24/7.--- MEN SA WAP JWEN NAN "RADIO JUBILE CBNDF" : ETUD BIBLIK,MIZIK LEGLIZ, LAPRIYE, LAFWA KATOLIK, ANSEYMAN RELIJYE, DIVETISMAN, EDUKASYON, AYITI, LAVI SEN YO, KATECHIS, MIZIK PWOFAN,KREDO, SAKREMAN YO, LEGLIZ DAYITI, LEGLIZ INIVESEL, LITUJI, SAKRAMANTO YO, AUDIO BIB, JEZU-KRI, LAVYEJ MARI, KESYON AK REPONS, ETC...ETC...
Image
LEKOL LABIB CBNDF JOUK --- Se yon bout bwa moun te konn pote sou zepòl yo ki te konn gen chay nan chak pwent yo oswa yon bout bwa oubyen yon kad an bwa yo te konn met sou kou 2 bèt (an jeneral bèf) k ap rale yon enstriman yo travay tè oswa yon chari. Etandone esklav yo te sèvi ak jouk byen souvan pou yo pote bagay ki lou anpil, yo te vin sèvi ak mo jouk la yon fason senbolik pou yo pale de esklavaj oswa pou yon moun ki koube devan yon lòt moun, epi pou yo pale de pwoblèm ak soufrans. Retire oswa kraze jouk vle di libere anba esklavaj, anba pwoblèm oswa anba yon moun k ap eksplwate moun. — Levitik 26:13; Matye 11:29, 30. JEYEN ( Gehenne).--- Nan lang grèk, se non Vale pitit gason Inon an ki te nan sidwès ansyen vil Jerizalèm nan (Jeremi 7:31). Selon yon pwofesi, yo te konn pale de zòn sa a kòm yon kote yo jete kadav (Jeremi 7:32; 19:6). Yo te kon lage bèt oswa moun nan Jeyèn nan pou yo boule yo tou vivan oswa pou yo toumante yo. Jezi ak disip li yo te sèvi ak mo Jeyèn nan kòm yon sen...