Posts

Showing posts from December, 2025
Image
L’Histoire Miraculeuse de Notre-Dame de Guadalupe :---- Selon la tradition, le 9 décembre 1531, sur la colline de Tepeyac, un peu au nord de Mexico, une jeune dame « éblouissante de lumière » apparaît à un indigène Juan Diego Cuauhtlatoatzin. Notre-Dame de Guadalupe se révèle à lui comme la Vierge Marie et le charge de demander à l'évêque de faire construire une église sur le lieu même de l'apparition. Le prélat, d'abord incrédule, demande au témoin d'obtenir de la Vierge Marie un signe. Celle-ci ne tarde pas à le lui accorder. Le 12 décembre 1531, se montrant pour la quatrième et dernière fois à Juan Diego, Marie l'envoie cueillir des roses au sommet de la colline. Et voilà l'homme redescendant tout ébahi, sa tilma - manteau - remplie des plus belles roses qu'il ait jamais vues en pleine saison sèche. Sous l'injonction de la Vierge Marie, il retourne alors chez l'évêque, et ouvre son manteau devant les personnes réunies autour du prélat qui dé...
Image
LEKOL LABIB CBNDF : PAPIRIS.---- Papiris se yon plant ki tankou wozo ki pouse nan dlo yo te konn itilize pou fè kèk bagay tankou pànye, resipyan ak bato. Yo te konn sèvi avè l tou pou fè yon materyèl pou ekri ki sanble ak papye, e yo te itilize l pou yo fè anpil woulo. — Izayi 18:2. PATIZAN WA EWOD YO ( HERODIENS).--- Yo rele yo Ewodyen tou. Se te yon gwoup moun nasyonalis ki t ap soutni objektif Wa Ewòd yo e ki t ap dirije anba direksyon Women yo. Petèt, gen kèk nan Sadiseyen yo ki te nan gwoup sa a. Ewodyen yo te met ansanm ak Farizyen yo pou yo opoze ak Jezi. — Mak 3:6. LEVYATAN --- An jeneral, yo pale de bèt sa a anrapò ak dlo, e sanble se yon bèt ki viv nan dlo. Sanble Levyatan y ap pale nan Jòb 3:8 ak Jòb 41:1 an se kayiman oswa yon lòt gwo bèt ki gen anpil fòs ki viv nan dlo. Nan Sòm 104:26 la, sanble se yon kalite balèn. Gen lòt kote yo sèvi avè l nan yon sans senbolik e li pa fè referans ak okenn bèt. — Samyel 74:14; Izayi 27:1
Image
LEKOL LABIB CBNDF : MEDI Moun peyi Medi yo se desandan Madayi yo, pitit gason Jafèt, e yo te vin abite nan mòn ki nan peyi Iran yo, zòn ki te vin rele peyi Medi. Moun peyi Medi yo te met ansanm ak moun Babilòn yo pou yo te pot laviktwa sou peyi Asiri. Nan moman sa a, peyi Pès te yon pwovens ki te anba kontwòl peyi Medi. Men, Siris te vin revòlte e peyi Medi te vin fè yon sèl ak peyi Pès, se konsa yo te vin tounen Anpi Medi ak Pès ki te pot laviktwa sou Babilòn nan ane 539 anv. e. n. Te gen moun peyi Medi ki te nan Jerizalèm pandan Pannkòt ane 33 e. n. (Danyel 5:28, 31; Travay Apot yo:9). Kòn--- Li fè referans ak kòn bèt yo te konn itilize pou bwè, pou met luil, pou met lank ak pwodui bote, e yo te konn sèvi avè l kòm enstriman mizik ak enstriman pou bay siyal (1Samyel 16:1, 13; 1Wa 1:39). Byen souvan, yo itilize “kòn” nan yon sans senbolik e li gen sans fòs, viktwa ak pran yo pran yon peyi. — Detewonom 33:17; Miche 4:13; Zakari 1:19.