Posts

Showing posts from November, 2025
Image
ZANJ ----- Zanj se yon mo ki soti nan mo ebre malak ak mo grèk agelòs. 2 mo sa yo vle di: “mesaje” oswa: “moun yo voye”. Men, yo mete “zanj” pou yo lè y ap fè referans ak kreyati espirityèl Bondye voye kòm mesaje (Jenez 16:7; 32:3; Jk 2:25; Apokalips 22:8). Zanj yo se yon seri kreyati espirityèl ki gen anpil pouvwa Bondye te kreye byen lontan anvan li te kreye lèzòm. Nan Bib la, yo pale de yo tou kòm ‘plizyè dizèn milye zanj ki sen’ oswa “pitit vrè Dye a” oswa “zetwal ki klere maten yo”. (Detewonom 33:2; Job 1:6; 38:7.) DENYE ----- Se yon pyès monnen ann ajan women yo te konn itilize ki te peze anviwon 3,85 g e ki te gen yon imaj Seza sou youn nan fas li yo. Se kòb yo te peye yon travayè pou yon jounen travay e se te “enpo Seza egzije pou chak” Juif pou yo peye (Matye 22:17; Luk 20:24). DENYE JOU ----- Nan pwofesi ki nan Bib la, ekspresyon sa a gen rapò ak epòk kote gwo evènman Bib la te anonse yo rive nan dènye bout yo (Ezekyel 38:16; Daniel 10:14; Travay Apot yo 17). Bib la iti...
Image
CBNDF TV NETWORK PRODUCTION :--- 1) Yon Kanal an KRÉYÒL selman https://fluger.tv/page/PAULA/efe374d7-a448-44c5-7c4e-08dde994df39 --- 2) Yon Kanal an FRANSÈ selman https://fluger.tv/page/PAULA/4b704903-eda1-4189-7c4f-08dde994df39 --- 3) Yon Kanal an ANGLÈ selman https://fluger.tv/page/PAULA/32169b26-a4f5-42b3-7c50-08dde994df39 --- 4) 100 Kanal an KRÉYÒL, FRANSÈ, ANGLÈ - Émisyon lajounen kon lanwit san rété 24/7 --- . KONTENU : --- Etud biblik, mizik legliz, lafwa katolik, ansèyman relijye, lavi Sen yo, film biblik, lapriyè, edukasyon, divètisman, Jezu-Kri, Lavyèj Mari, Legliz katolik, kesyon/répons, dokimantè, Ayiti, Sakreman ak sakramanto yo, syèl, pugatwa, lanfè, kredo, fénomèn mistik, Vatican, audio bib, peyi labib yo, Liv labib yo, fan...
Image
FLASH ! NOUVOTE ! NEW ! NOUVO !--- RADIO JUBILE CBNDF !!!--- https://radiocbndf3377.airtime.pro/--- "RADIO JUBILE CBNDF" SE YON ESTASYON RADIO KATOLIK PE JULES CAMPION METE SOU PYE NAN OKAZYON 25 LANE EGZISTANS CBNDF : 2001-1026. "RADIO JUBILE CBNDF" GEN EMISYON AN KREYOL, FRANSE, ANGLE. LI TRAVAY LAJOUNEN KON LANWIT SAN RETE 24/7.--- MEN SA WAP JWEN NAN "RADIO JUBILE CBNDF" : ETUD BIBLIK,MIZIK LEGLIZ, LAPRIYE, LAFWA KATOLIK, ANSEYMAN RELIJYE, DIVETISMAN, EDUKASYON, AYITI, LAVI SEN YO, KATECHIS, MIZIK PWOFAN,KREDO, SAKREMAN YO, LEGLIZ DAYITI, LEGLIZ INIVESEL, LITUJI, SAKRAMANTO YO, AUDIO BIB, JEZU-KRI, LAVYEJ MARI, KESYON AK REPONS, ETC...ETC...
Image
LEKOL LABIB CBNDF JOUK --- Se yon bout bwa moun te konn pote sou zepòl yo ki te konn gen chay nan chak pwent yo oswa yon bout bwa oubyen yon kad an bwa yo te konn met sou kou 2 bèt (an jeneral bèf) k ap rale yon enstriman yo travay tè oswa yon chari. Etandone esklav yo te sèvi ak jouk byen souvan pou yo pote bagay ki lou anpil, yo te vin sèvi ak mo jouk la yon fason senbolik pou yo pale de esklavaj oswa pou yon moun ki koube devan yon lòt moun, epi pou yo pale de pwoblèm ak soufrans. Retire oswa kraze jouk vle di libere anba esklavaj, anba pwoblèm oswa anba yon moun k ap eksplwate moun. — Levitik 26:13; Matye 11:29, 30. JEYEN ( Gehenne).--- Nan lang grèk, se non Vale pitit gason Inon an ki te nan sidwès ansyen vil Jerizalèm nan (Jeremi 7:31). Selon yon pwofesi, yo te konn pale de zòn sa a kòm yon kote yo jete kadav (Jeremi 7:32; 19:6). Yo te kon lage bèt oswa moun nan Jeyèn nan pou yo boule yo tou vivan oswa pou yo toumante yo. Jezi ak disip li yo te sèvi ak mo Jeyèn nan kòm yon sen...
Image
LEKOL LABIB CBNDF : BWAT KONTRA (Arche d’Alliance)--- Anndan Bwat Kontra ou te jwen 3 bagay : 1) 10 komandman Bondye te bay Moyiz yo 2) yon veso an lo ki te gen 3 ti mamit LAMAN 3) BATON Aaron fre Moyiz ki te fe fle zanman nan yon sel nwit. Kouvèti pou padon --- Se kouvèti lach alyans lan, e se devan l gran prèt la te konn vide san sakrifis yo te konn ofri nan jou Pirifikasyon an. Mo ebre a soti nan yon vèb ki vle di: “kouvri (peche)” oswa petèt: “efase (peche)”. Li te fèt ak lò e te gen de cheriben sou li, youn nan chak pwent li. Pafwa, yo konn annik rele l: “kouvèti a”. (Egzod 25:17-22; 1Kw 28:11; Ebre 9:5 JOU PURIFIKASYON (Yom Kippur) --- Se jou sakre ki pi enpòtan pou Izrayelit yo. Yo rele jou sa a tou Yòm Kipou (li soti nan mo ebre yòmakipourim nan, ki vle di “jou yo kouvri”) ki te tonbe nan jou ki te 10 Etanim. Se te sèl jou nan ane a Gran Prèt la te antre nan Kote ki pi sen nan Tanp nan. Se la li te ofri sang sakrifis pou peche l, pou peche lòt Levit yo e pou peche pèp la....
Image
LEKOL LABIB CBNDF : MALEDIKSYON -- Malediksyon se lè yo menase yon moun oswa lè yo mande pou bagay mal rive yon moun oswa yon bagay. Byen souvan, yon malediksyon konn yon deklarasyon yon moun fè oswa li mande pou yon malè rive, e lè se Bondye ki bay malediksyon oswa li mande yon moun pou l bay malediksyon, pawòl sa a gen menm pwa ak yon pwofesi. — Jenez 12:3; Nonb 22:12; Galat 3:10. LEP. MALADI LALEP.--- Se yon maladi po ki grav. Maladi lèp yo pale nan Bib la pa fin menm ak sa nou konnen jodi a, paske ni moun, ni rad, ni kay te ka genyen l. — Levitik 14:54; Luk 5:12.-- LWA/LALWA -- Lè nou ekri l “lwa” oswa “lalwa” avèk “l” miniskil, mo sa a gen rapò ak yon lwa ki nan Lwa Moyiz la oswa ak yon prensip. — Nonb 15:16; Detewonom 4:8; Matye 7:12; Galat 3:24.---
Image
ESPE NAN LALWA (DOCTEURS DE LA LOI).----- Se yon moun ki te konn rekopye Liv ki te ekri ann ebre yo. Lè Jezi te sou tè a, yo te konn itilize ekspresyon sa a pou yo pale de yon gwoup mesye ki te konn Lalwa byen. Yo te opoze ak Jezi. — Esdras 7:6, Mak 12:38, 39; 14:1. ---EMES (HERMES). Emes se yon dye grèk ki se pitit gason yon dye ki rele Zes. Moun nan vil Lis yo te pran apot Pòl pou Èmès, yon dye yo te panse ki se yon mesaje pou lòt dye yo e yo te panse li se yon dye k ap ede moun pale byen. — Travay Apot yo 12 --- AKAYI. Nan Liv ki te ekri an grèk yo, se te yon pwovens Women yo te genyen ki te nan sid peyi Lagrès, ki te gen vil Korent kòm kapital. Akayi te gen ladan l tou Peloponèz ak pati santral tèritwa peyi Lagrès (Travay Apot yo chapit 12).
Image
LEKOL LABIB CBNDF : WOZO, JIS, DWAT, ETYOPI WOZO.--= Se yon mo yo itilize pou yo pale de plizyè plant ki konn grandi kote ki gen dlo. Anpil fwa, plant yo pale de li a se Arundo donax (Job 8:11; Izayi 42:3; Matye 27:29; Apokalips 11:1). JIS. DWAT.--- Nan labib, mo sa yo vle di dwat selon prensip Bondye bay konsènan sa ki byen ak sa ki mal. — Jenez 15:6; Detewonom 6:25; Pwoveb 4; Sf 2:3; Matye 6:33. ETYOPI. Se yon ansyen nasyon ki nan sid peyi Ejip. Li te gen ladan l pifò pati ki nan sid peyi Ejip ki la kounye a ak mwatye peyi Soudan ki la kounye a, mwatye ki nan nò a. Pafwa, yo sèvi ak mo sa a pou mo ebre “Kouch” la. — Esdras 1:1.----
K O U L A B I B SOU W H A T S A P P !!! https://chat.whatsapp.com/InfnfYAwx1b1zCc83sL2nh?mode=wwt KOU LABIB SOU WHASAPP AN KREYOL AVEK PE JULES CAMPION CHAK JOU A 6H30 PM. MEN LYEN WHATSAPP POU W KA ENSKRI NAN KOU BIB LA : https://chat.whatsapp.com/InfnfYAwx1b1zCc83sL2nh?mode=wwt ETUD BIBLIK SOU 73 LIV LABIB YO, PEYI LABIB YO, GWO PESONAJ FANM KOU GASON NAN LABIB, ZANNIMO AK PLANT NAN LABIB, SOSYETE JWIF LA NAN TAN JEZU, RAD, NOURITU, ANTEMAN, MARYAJ, LEKOL NAN LABIB, FET BIBLIK YO, BEL PASAJ BIBLIK, MIRAK, PARABOL NAN LABIB, ETC... N.B. : AKTYELMAN NAP ETUDYE LEVANJIL DAPRE SEN MATYE. NOU RIVE NAN CHAPIT 6. NOU PRAL ABODE ETUD "PAPA NOU KI NAN SYEL LA" https://chat.whatsapp.com/InfnfYAwx1b1zCc83sL2nh?mode=wwt
Image
LEKOL LABIB CBNDF: PWOFESI - Pwofesi se yon mesaj ki soti nan Bondye, kit se konnen Bondye fè konnen volonte l, kit se anonse li fè anonse volonte sa a. Yon pwofesi kapab yon ansèyman moral ki sot nan Bondye, yon kòmandman oswa yon jijman ki sot nan Bondye oswa yon deklarasyon ki anonse yon bagay ki gen pou vini. — Daniel 9:24; Matye 13:14; 2 Pye 1:20, 21. Pwofèt - Pwofet se moun Bondye itilize pou fè konnen objektif li. Pwofèt yo te aji kòm pòtpawòl Bondye, nonsèlman yo te konn anonse sa k pral rive, men tou, yo te fè moun konn ansèyman Bondye a, kòmandman l yo ak jijman l yo. — Amos 3:7; 2 Pye 1:21 ONKSYON - Premye sans mo ebre a genyen se “pase luil sou” oswa “vide luil sou”. Yo te konn pase luil sou yon moun oubyen sou yon bagay pou montre yo chwazi bagay sa a oswa moun sa a pou yon sèvis espesyal. Nan Liv ki te ekri an grèk yo, yo sèvi ak mo sa a tou pou yo pale de vide Bondye vide lespri sen l sou moun li chwazi pou al viv nan syèl la. — Egzod 25:6; 28:41; 1Samyel 16:...
Image
LEKOL LABIB CBNDF : BON NOUVEL Nan Liv ki te ekri an grèk yo, ekspresyon sa a fè referans ak bon nouvèl konsènan Wayòm Bondye a e konsènan delivrans Bondye pral bay moun grasa lafwa yo gen nan Jezi Kri. — Luk 4:18, 43; Travay Apot yo 5:42; Apokalips 14:6. Beyèlzeboub. Se yon non yo bay Satan ki se prens oswa chèf demon yo. Li posib pou Beyèlzeboub se yon lòt fason yo te pwononse non Baalzeboub la, anpalan de Baal Filisten yo te konn adore nan Ekwon. — 2Wa 1:3; Matye 12:24. PWOSTITUYE. Pwostituye se yon moun ki antre nan relasyon seksyèl san li pa marye e ki fè sa sitou pou lajan. (Mo grèk yo met “pwostitye” pou li a se pòne, li soti nan yon mo ki vle di: “vann”.) Mo a plis gen rapò ak fi, byenke yo pale de pwostitye gason nan Bib la tou. Lwa Bondye te bay pa mwayen Moyiz la te kondane pwostitisyon, e kontrèman ak koutim moun lòt nasyon yo kote yo te konn sèvi ak pwostitye nan yon tanp kòm mwayen pou fè lajan, yo pa t aksepte lajan pwostitye kòm ofrann nan tanp Bondye a a...